
INTERÈ KOLEKTIF CE ENTERÈ NOU
NOU CE VWA PÈP LA
CE ENTERÈ KOLECTIF KI BOUSÒL NOU
SE LI KI CE VWA CHANJMAN POU AYITI
Signed in as:
filler@godaddy.com
NOU CE VWA PÈP LA
CE ENTERÈ KOLECTIF KI BOUSÒL NOU
SE LI KI CE VWA CHANJMAN POU AYITI
Nou Se La VWA Youn Mouvman Sitwayen Ki Pa Sou Kont Pèsonn, Ki Pa Reprezante Okenn Pati Politik. Nou Leve VWA Nou Pou ENTERÈ KOLECTIF La, Pou Nou Defann Majorite a, Pou Nou Konstwi Youn Ayiti ki Pou Tout Moun
Nan Vwa Zansèt Nou Yo, Fòs Inyon , Espwa, Jistis, Verite Ak Diyite.
If customers can’t find it, it doesn’t exist. Clearly list and describe the services you offer. Also, be sure to showcase a premium service.
Having a big sale, on-site celebrity, or other event? Be sure to announce it so everybody knows and gets excited about it.
Are your customers raving about you on social media? Share their great stories to help turn potential customers into loyal ones.
Running a holiday sale or weekly special? Definitely promote it here to get customers excited about getting a sweet deal.
Have you opened a new location, redesigned your shop, or added a new product or service? Don't keep it to yourself, let folks know.
Customers have questions, you have answers. Display the most frequently asked questions, so everybody benefits.
Revèy kolektif la se kle liberasyon pèp ayisyen an. Twòp tan nou ap dòmi, twòp tan nou ap viv nan pè, divizyon ak manti mete degoutans nan kè pèp la. Men jodi a, lespri pèp la leve. Se pa leve je sèlman — se reyalize fòs nou se na inyon, se di ase ak imilyasyon, se rejte tout move lidè, entreprenè politk fo nasyonalis yo, fo pitit papa desalinn yo ki ap sèvi ak soufrans youn pèp pou fè politik, se kanpe kont tout fòm depandans ak enjerens etranje. Lè pèp la konprann se li ki gen pouvwa a, pap gen sistèm, pap gen kolon blan ni kolon nwa, pap gen fo pawòl kap ka mete li ajenou ankò. LA VWA se revey sa a. Se pa vwa problèm, ni vwa kap mete pè nan kè nou — men vwa kouraj, vwa diyite, vwa pèp la ki pran desten li nan men . Nou vle pèp la sonje ke li gen pouvwa li gen VWA.
Politik se konsyans yon moun ki konprann soufrans pèp lI, epi ki deside pa rete an silans, men pote solisyon
"Ansanm nou ka bati yon Ayiti san vyolans!"
What's something exciting your business offers? Say it here.
Say something interesting about your business here.
What's a product or service you'd like to show.
1 DIGNITE HUMAINE
2 VODOU CE YOUN REGLIGION MENM JAN AVEK LOT YO
3
ENVESTI NAN MOUN
ENVESTI NAN MOUN, SE BATI FANMI
"Pèp Ayisyen… Tande byen.
Twòp lontan nap dòmi. Twòp tan nou te pè. Twòp tan nou kite yo mete nou youn kont lòt, pandan yo ap kontinye kraze sa nou ye.
Men jodi a, se pa menm pèp la ankò.
Lespri nou leve. Konsyans nou reveye. Nou pa aksepte manti, ni fò lidè, ni estrateji pou fè nou kwè mizè nou nòmal.
Non. Sa fini.
Mizè a se pa aza, se estrateji yo
Mizè pèp ayisyen an se pa yon aza. Se pa malchans. Se yon sistèm. Yon sistèm ki bati sou do nou, e ki kontinye ap kenbe nou atè.
Gen politisyen ki pa gen okenn vizyon pou pèp la — yo sèvi ak soufrans nou kòm mwayen pou monte sou pouvwa. Yo fè kanpay sou lamizè, yo gouvène ak dezòd, epi yo vin pi rich chak fwa pèp la ap kriye.
Men politik la pa sèl responsab.
Gen gwo men etranje k’ap jwe ak sò nou. Yo mete tèt yo kòm "zanmi", men se misyon pou kontwole nou yo vin fè.
Se yo ki mete lidè pou nou. Se yo ki dikte lwa. Se yo ki voye "ede", epi mete kondisyon sou li. Yo vle Ayiti rete sou jenou, paske yon pèp ki kanpe fè sistèm lan pè.
Epi gen lòt toujou — ONG, analist, moun ki pale bèl — men ki pa janm mete pye nan reyalite pèp la.
Yo pale de pwoblèm chak jou, yo ekri liv sou lamizè, yo fè politik ak soufrans — men yo pa janm pote solisyon ki sòti nan rasin. Paske yo pa vle bagay yo chanje. Yo byen nan dezòd la.
Men jodi a, nou di ase.
LA VWA pa vin eksplwate doulè pèp la. LA VWA vin reveye li.
Nou pa vin plenyen — nou vin mete men.
Nou pa vin mande — nou vin konstwi.
Nou pa vin chita sou lamizè — nou vin leve ak konsyans.
Nou pa bezwen sovè — nou bezwen revey.
Nou pa bezwen èd ki mare men — nou bezwen libète ki soti nan kè pèp la.
Nou pa bezwen fo pawòl — nou bezwen aksyon ki sòti nan nou menm.
LA VWA se pa vwa blan, ni vwa fo lidè.
LA VWA se vwa ou. Se vwa tout pèp ki leve, ki di ase, ki di: Ayiti ap retounen kanpe sou de pye li!
La misère, l’ingérence et le mensonge organisé
La misère du peuple haïtien n’est pas un accident. C’est le résultat d’un système construit, entretenu, et protégé par ceux qui en profitent.
Des politiciens sans vision utilisent la souffrance du peuple comme carburant pour leurs ambitions personnelles. Ils font campagne avec la misère, ils gouvernent avec le chaos, et ils s’enrichissent avec les larmes du peuple.
Mais ce ne sont pas les seuls coupables.
À côté d’eux, des puissances étrangères, toujours prêtes à "aider", manipulent les fils invisibles. Sous couvert d’"aide humanitaire", de "coopération", ou de "stabilité", ils imposent leur volonté, choisissent nos dirigeants, orientent nos politiques. Ils veulent qu’Haïti reste dépendante, affaiblie, divisée, parce qu’un peuple debout leur fait peur.
Et au milieu de tout cela, des profiteurs bien habillés — experts, ONG, élites locales — font de la politique sans jamais parler de solution. Leur stratégie est simple : parler du problème sans fin, faire croire que la misère est normale, et que seule leur voix peut gérer le chaos. Mais en réalité, ils veulent que rien ne change. Parce que dans ce désordre, eux, ils gagnent.
Mais LA VWA dit : ase!
Nou di non ak mizè ki vin nòmal.
Nou di non ak politisyen ki fè teworizasyon ak povrete.
Nou di non ak blan ki toujou "sipoze ede" nou, men ki toujou mete men sou chimen nou.
LA VWA pa vin eksploze doulè pèp la — li vin chanje li.
Li pote solisyon ki sòti nan rasin, ki sòti nan pèp la, ki mete diyite ak souverènte an premye.
Nou pa bezwen sovè, nou bezwen revey.
Nou pa bezwen èd kontwole, nou bezwen libète.
Nou pa bezwen manti, nou bezwen chanjman ki reyal.
LA VWA pa pran chimen k'ap mennen nou Nan men gran nèg, envestisè Politik, ni etranje.
Nou pa pral mande yo lajan ki ap tounen chenn nan kou nou.
Libète nou pa pou vann — li pou achte ak sa nou genyen.
Se pa lajan gran neg k'ap chanje Ayiti.
Se 50 goud ou, 100 goud mwen, 1000 goud nou mete ansanm — ki pral konstwi souverènte nou.
LA VWA, se pa vwa yo. Se vwa ou. Se ou ki finanse libète ou.
CE OU KI PRAL BOOS
LA VOIX
We love our customers, so feel free to visit during normal business hours.
Open today | 09:00 am – 05:00 pm |
We use cookies to analyze website traffic and optimize your website experience. By accepting our use of cookies, your data will be aggregated with all other user data.